Bloke Amannman 3
Vote NON sou 3!
Vote NON sou Amannman 3 pou bloke rabè taks pou milyadè ak gwo konpayi ki ogmante depans nou epi diminye sèvis nou yo.
Siyen Angajman anPaske Florid dwe travay pou nou tout.

Florentin ki travay di yo bezwen vrè soulajman sou depans yo
Men Amandman 3 se yon pyèj ki pral fè lavi a pi chè pou moun ki travay chak jou. Li pral wete 46 milya dola nan kòf gouvènman lokal yo pandan 5 ane, li pral ogmante taks ak frè pou kouvri diferans lan, epi li pral koupe sèvis esansyèl kominote nou yo konte sou yo tankou lopital piblik, pompye, EMT, sèvis pou timoun, bibliyotèk, pak, wout, ak preparasyon pou dezas.
Milyadè ak gwo konpayi yo pral fè pwofi pandan rès nou menm n ap peye pri a.
Ki moun k ap peye?
Moun k ap travay, kèlkeswa ras yo, kote yo rete ak orijin yo:
- Lokatè
- Ti pwopriyetè biznis
- Fanmi
- Timoun
- Granmoun aje
- Veteran
- Anplwaye sektè piblik
- Nenpòt moun ki travay pou li viv
Ki moun k ap fè pwofi?
- Milyadè
- Gwo konpayi
- Gwo pwomotè imobilye
- Pwopriyetè pwopriyete komèsyal
- Moun ki gen kay ki koute plizyè milyon dola
Nou prezante pou youn lòt.
Kòm Florideyen, nou kontribye epi nou pran swen kominote nou yo nan yon dividal fason, ansanm ak peye taks sou pwopriyete. Pandan milyadè ak gwo konpayi yo ap anmase richès nou, ap pran lajan nan pòch nou, epi ap manipile règ yo pou yo pa peye sa yo dwe, nou menm nou konnen sa l vle di pou n parèt epi pran swen youn lòt.
Se poutèt sa nan mwa novanm sa a, plizyè milyon Florideyen pral parèt pou sove sèvis piblik nou yo, sove djòb nou nan sektè piblik la, epi kenbe lajan nou kote l dwe a: nan pòch nou ak nan kominote nou. N ap vote NON sou pyèj Amandman 3 lan pou n sispann rabè taks pou milyadè ak gwo konpayi ki ogmante depans nou epi ki koupe sèvis nou yo.

Vote NON sou Amannman 3 pou bloke rabè taks pou milyadè ak gwo konpayi ki ogmante depans nou epi diminye sèvis nou yo.
Siyen Angajman anKisa Amandman 3 ye?
Men sa w ap wè sou bilten vòt la:
Peze oswa pase kurseur sou tèks ki make a pou w wè sa l vle di.
Amandman sa a ogmante egzanpsyon homestead (yon egzanpsyon taks pou rezidans prensipal pwopriyetè kay), pou tout taks ki pa pou lekòl, rive $150,000 an 2027 ak $250,000 an 2028, epi li ajiste l selon inflasyon apre sa. Li egzije Lejislati a etabli yon pwosedi inifòm pou konte ak minisipalite yo, pou taks pa yo, pou yo ogmante egzanpsyon homestead la rive nan valè total evalye a (yon direktiv pou elimine tout taks sou pwopriyete ki avantaje moun ki pi rich yo), epi li pèmèt distri espesyal yo fè menm bagay la, si referandòm apwouve l.
Moun ki pa rezidan Florid (pa klè — ki moun ki kalifye?) nan 31 desanm 2026, pral resevwa egzanpsyon homestead ki egziste a lè yo kalifye pou yon egzanpsyon homestead, epi egzanpsyon ogmante a ap kòmanse nan senkyèm ane egzanpsyon an, nan limit Konstitisyon Etazini pèmèt la.
Amandman sa a bese plafon anyèl ogmantasyon evalyasyon pou pwopriyete ki pa homestead (yon rabè taks pou gwo pwomotè, pwopriyete komèsyal, ak dezyèm kay) soti nan 10% pou rive nan 5%.
Amandman sa a egzije konte ak minisipalite yo (yon rabè taks pou gwo pwomotè, pwopriyete komèsyal, ak dezyèm kay) sèvi ak taks sou pwopriyete sèlman pou sekirite piblik, edikasyon ak lekòl, enfrastrikti, resous natirèl, sèvis dèt obligasyon, avantaj retrèt anplwaye, ak fonksyònman ak administrasyon. Ofisye konte yo oswa òganis dirijan konte oswa minisipalite yo ka apwouve lòt depans sof si lwa jeneral entèdi yo (yon santralizasyon pouvwa nan nivo leta (mwens libète lokal)), malgre Atik VII, Seksyon 9(a) Konstitisyon Florid la, ki pèmèt konte ak minisipalite yo mete taks sou pwopriyete pou bi pa yo.
Amandman sa a kòmanse aplike 1ye janvye 2027.
Kijan Amandman 3 pral afekte w
01
Li pral fòse kominote lokal yo koupe sèvis esansyèl.
Taks sou pwopriyete se youn nan prensipal sous revni kominote lokal nou yo. Amandman an pral diminye revni gouvènman lokal yo gen pou finanse sèvis debaz yo anpil, li pral wete 11,86 milya dola nan bidjè lokal yo chak ane. Sa afekte finansman pou anpil sèvis tankou lopital lokal, premye reponn, pompye, EMT, sèvis pou timoun, bibliyotèk, pak, antretyen wout, jesyon fatra, ak preparasyon pou dezas.
02
Li pral ogmante taks ak frè pou kouvri diferans lan.
Bazik bidjè — si yon gwo sous revni koupe, kisa ki pral chanje pou ranpli vid la? Amannman 3 la ta kreye nouvo taks ki pi wo, akoz ogmantasyon to millage yo ki nesesè pou kouvri pèt revni an. Konpayi prive k ap chèche fè pwofi ta ka pran kèk sèvis nan men gouvènman an tou, sa ki vle di frè ki pi wo, ki ta fè menm sèvis ki pi debaz e ki esansyèl yo vin twò chè pou Floridyen òdinè.
Vote NON sou Amannman 3 pou bloke rabè taks pou milyadè ak gwo konpayi ki ogmante depans nou epi diminye sèvis nou yo.
Siyen Angajman anSa pou nou konprann…
Sou lokatè yo
- Gen yon gwoup twa milyon rezidan nan Florid amannman sa a fè diskriminasyon kont yo — e se lokatè yo.
- Lokatè yo pa jwenn okenn rediksyon taks. Amannman 3 bay pwopriyetè kay yo yon rediksyon taks, men plizyè milyon Floridyen ki lwe kay pa jwenn anyen ditou.
- An reyalite, lokatè yo ta ka finn peye plis pou lojman. Lè gouvènman lokal yo pèdi revni, yo ka oblije ogmante taks sou lòt pwopriyete yo. Mèt kay yo ka pase kòb siplemantè sa yo sou do lokatè yo atravè lwa pi chè.
- Lokatè ki finalman achte yon kay toujou rete dèyè. Si yon moun achte yon kay ane pwochèn, li va toujou peye taks dapre sistèm aktyèl la pou kat lòt ane, sa ki mete Floridyen ki pa posede kay yo nan dezavantaj.
Lokatè yo pa benefisye de homestead exemption la, E yo ka finn peye plis.


Sou ti biznis yo
- Gwo biznis yo jwenn pi gwo rediksyon taks. Plis biznis la gwo e plis pwopriyete li posede, se plis li ka ekonomize gras ak plafon ogmantasyon taks sou pwopriyete nan lavni an, sa ki reprezante plizyè milya dola nan rediksyon taks pou gwo konpayi yo.
- Pandan sa a, ti biznis ki deja ap lite pou kenbe tèt yo ta ka finn peye plis. Lè gouvènman lokal yo pèdi revni, yo ka ogmante to taks sou lòt pwopriyete ki pa homestead yo, sa ki ogmante depans ti biznis yo.
Pi gwo rediksyon taks yo ale nan men gwo konpayi yo pandan ti biznis yo nan dezavantaj.
Sou libète lokal
- Kominote nou yo konnen sa yo bezwen. Kounye a, vil ak konte yo gen libète lokal pou deside ki jan pou yo depanse lajan taks sou pwopriyete lokal la pou sèvis esansyèl yo.
- Amannman 3 transfere pouvwa sa a bay Eta a. Pou premye fwa, li ta mete otorite Lejislati a sou depans taks sou pwopriyete lokal yo dirèkteman nan konstitisyon Eta a.
- Sa vle di mwens kontwòl lokal. Olye kominote yo deside ki jan pou yo finanse lopital, premye reponn yo, preparasyon pou dezas ak lòt sèvis esansyèl, yo ta ka oblije sipliye politisyen Tallahassee yo pou resous yo bezwen yo.
Li wete pouvwa nan men kominote lokal nou yo e li bay Eta a plis kontwòl.

Vote NON sou Amannman 3 pou bloke rabè taks pou milyadè ak gwo konpayi ki ogmante depans nou epi diminye sèvis nou yo.
Siyen Angajman an
Piblisite politik peye ki bay an nati pa Florida Rising Together, Inc. 10800 Biscayne Blvd., Suite 900, Miami, FL 33161.
