Skip to main content
Rantre ak Nou!

Politik Konfidansyalite

Dènye mizajou 8 Oktòb 2024

Patisipe ak Florida For All pou ansanm nou ka bati pouvwa epi asire nou tout gen libète pou nou reyisi.

Antanke volontè ak Florida For All, w gen pouvwa pou mobilize kominote w la. Nou bezwen lidè tankou ou pou ede nou bati yon demokrasi otantik — yon demokrasi ki mache pou pèp la, pa sèlman pou moun ki anwo yo.

“Florida For All Action, Inc.” (“nou”, oswa “pa nou”) opere sit entènèt “Florida For All” (https://floridaforall.vote/) (“Sèvis la”). Politik konfidansyalite sa a eksplike kijan nou kolekte, itilize, pwoteje, ak divilge enfòmasyon itilizatè sit entènèt nou an.

Koleksyon Enfòmasyon

Nou kolekte plizyè kalite enfòmasyon sou itilizatè nou yo ak nan men yo pou nou ka bay sèvis nou yo, amelyore yo, epi adapte yo a bezwen chak moun. Kalite enfòmasyon nou kolekte yo gen ladan yo, men yo pa limite a:

  • Non ak Siyati
  • Nimewo Telefòn
  • Adrès Imèl
  • Adrès
  • Enfòmasyon Peman
  • Done sou Itilizasyon

Itilizasyon Enfòmasyon yo

Nou itilize enfòmasyon nou kolekte yo pou plizyè rezon, ant yo:

  • Kominike ak Itilizatè yo: Voye bay itilizatè yo materyèl maketing, materyèl pwomosyonèl, ak nouvèl sou sèvis nou yo.

Pataje ak Divilgasyon Enfòmasyon

Florida For All Action, Inc. gen politik konfidansyalite strik pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl itilizatè nou yo. Nou pa janm vann, lwe, bay, ni echanje enfòmasyon sa a ak lòt moun san konsantman anvan oswa san yon obligasyon legal. Tout pataj enfòmasyon ak twazyèm pati se sèlman pou ranpli obligasyon òganizasyon an anvè itilizatè a. Nou garanti nou p ap janm pataje l ak twazyèm pati pou rezon maketing.

Nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou nan sitiyasyon sa yo:

  • Founisè Sèvis: Ak machann oswa founisè sèvis twazyèm pati ki fè sèvis pou nou, tankou trete peman, analiz done, voye imèl, sèvis ebèjman, sèvis kliyan, ak èd pou maketing.
  • Transfè Biznis: Si gen yon fizyon, yon akizisyon, yon fayit, oswa lòt tranzaksyon ki enplike vant oswa transfè tout oswa yon pati nan byen nou yo, enfòmasyon pèsonèl ou ka transfere kòm yon pati nan tranzaksyon sa a.
  • Egzijans Legal: Lè lalwa egzije l, tankou pou nou obeyi yon sibpenn, yon lòd tribinal, oswa lòt pwosedi legal.
  • Pwoteje Dwa ak Sekirite: Lè sa nesesè pou pwoteje dwa, pwopriyete, oswa sekirite konpayi nou an, itilizatè nou yo, oswa lòt moun.
  • Afilye yo: Nou pataje ak afilye nou yo pou bezwen entèn biznis nou.
  • Analiz ak piblisite: Nou pataje ak founisè analiz ak rezo piblisite twazyèm pati pou yo ka bay piblisite ki adapte a chak moun epi pou nou ka konprann ki jan itilizatè yo sèvi ak sèvis nou yo.
  • Fowòm piblik: Enfòmasyon ou pataje nan fowòm piblik yo ka vizib pou lòt moun.
  • Enfòmasyon global oswa anonim: Nou ka pataje enfòmasyon global oswa anonim ki pa ka sèvi, nan limit rezonab, pou idantifye ou.

Pwoteksyon enfòmasyon

Nou pran angajman pou nou asire sekirite enfòmasyon pèsonèl nou kolekte yo. Òganizasyon nou an aplike plizyè mezi teknik, administratif ak fizik ki fèt pou pwoteje done ou yo kont aksè san otorizasyon, divilgasyon, chanjman oswa destriksyon. Mezi sa yo gen ladan yo, men yo pa limite a:

  • Chifreman: Nou itilize pwotokòl chifreman ki respekte nòm endistri a pou pwoteje done sansib pandan yo ap transmèt ak lè yo estoke.
  • Kontwòl aksè: Nou limite aksè a enfòmasyon pèsonèl yo pou sèlman anplwaye ki gen otorizasyon, selon wòl yo ak sa yo bezwen konnen. Sa gen ladan l itilizasyon mezi otantifikasyon tankou modpas, otantifikasyon miltifaktè, ak kontwòl aksè selon wòl.
  • Siveyans ak odit: Nou siveye sistèm nou yo san rete pou jwenn vulnerabilite ak menas ki ka genyen. Nou fè odit ak evalyasyon regilyèman pou asire pratik sekirite nou yo satisfè nòm aktyèl yo epi pou idantifye kote nou ka amelyore.
  • Minimizasyon done: Nou limite kolekte ak kenbe done pèsonèl a sa ki nesesè pou objektif ki dekri nan politik sa a. Done nou pa bezwen ankò yo efase an sekirite oswa yo fè yo vin anonim.
  • Sekirite twazyèm pati: Lè nou travay ak founisè sèvis twazyèm pati ki trete done pou nou, nou asire yo gen mezi sekirite ki apwopriye pou pwoteje enfòmasyon ou yo.

Menm si nou fè efò pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou yo, pa gen okenn metòd transmisyon sou entènèt oswa estokaj elektwonik ki 100% an sekirite. Se poutèt sa, nou pa ka garanti sekirite absoli li. Sepandan, nou toujou ap mete pratik sekirite nou yo ajou epi amelyore yo pou pwoteje done ou yo.

Dwa itilizatè yo

Ou gen dwa sa yo konsènan enfòmasyon pèsonèl ou:

  • Aksè: Ou ka mande yon kopi done pèsonèl nou gen sou ou.
  • Korèksyon: Ou ka mande nou korije nenpòt done ki pa egzat oswa ki pa konplè.
  • Siprime: Ou ka mande nou efase done pèsonèl ou yo.

Pou ou egzèse dwa sa yo, tanpri kontakte nou avèk enfòmasyon kontak ki ekri anba a.

Dezabònman

Itilizatè yo ka sispann resevwa kominikasyon nou yo nan lavni konsa:

  • Swiv enstriksyon pou dezabòne ki nan chak imèl
  • Reponn “Stop” a nenpòt mesaj tèks pou sispann resevwa kominikasyon pa mesaj tèks

Cookies ak teknoloji swivi

Nou itilize cookies ak teknoloji swivi ki sanble pou amelyore eksperyans ou sou sit entènèt nou an, amelyore sèvis nou yo, epi pi byen konprann ki jan ou itilize kontni nou an.

Kisa cookies ye?

Cookies se ti fichye tèks yo mete sou aparèy ou lè ou vizite yon sit entènèt. Yo pèmèt sit la rekonèt aparèy ou epi sonje kèk enfòmasyon sou vizit ou a, tankou preferans ou ak aksyon ou yo. Cookies ka “pèsistan” oswa “sesyon”. Cookies pèsistan yo rete sou aparèy ou jiskaske yo ekspire oswa yo efase, men cookies sesyon yo efase lè ou fèmen navigatè a.

Ki jan nou itilize cookies ak teknoloji swivi

Nou itilize cookies ak teknoloji swivi pou plizyè rezon, tankou:

  • Asire sekirite ak entegrite sit entènèt nou an.
  • Sonje preferans ak paramèt ou yo.
  • Analize trafik sit la ak konpòtman itilizatè yo pou amelyore sèvis nou yo.
  • Bay piblisite ak kominikasyon maketing ki enterese ou.
  • Ofri yon eksperyans pèsonalize ki baze sou enterè ou ak aktivite ou yo.

Ou gen opsyon pou kontwole ak jere cookies yo nan plizyè fason. Pifò navigatè entènèt pèmèt ou konfigire paramèt cookies ou yo, tankou bloke oswa efase cookies. Men, tanpri sonje si ou dezaktive cookies yo, gen kèk fonksyon sou sit entènèt nou an ki ka pa mache kòrèkteman.

Chanjman nan Politik sou Konfidansyalite

Nou ka mete politik konfidansyalite sa a ajou de tan zan tan. N ap fè ou konnen nenpòt chanjman lè nou pibliye nouvo politik konfidansyalite a sou paj sa a. Nou konseye ou revize politik konfidansyalite sa a detanzantan pou wè si gen chanjman.

Se Privacy Policy Generator GetThru ki jenere politik konfidansyalite sa a.

Dènye mizajou: 8 oktòb 2024

Enfòmasyon kontak

Si ou gen nenpòt kesyon sou politik konfidansyalite sa a, tanpri kontakte nou nan:

  • Adrès imèl: info@floridaforall.vote

Fason nou kolekte enfòmasyon

Nou kolekte enfòmasyon nan plizyè fason:

  • Dirèkteman nan men w: Lè w anrejistre sou sit nou an, pase yon kòmand, abòne w nan bilten enfòmasyon nou an, ranpli yon fòm, fè yon acha, oswa kontakte sèvis kliyan an.
  • Otomatikman: Pandan w ap navige sou sit nou an, nou kolekte otomatikman enfòmasyon sou ekipman w ap itilize a, sa w fè ak fason w navige, tankou adrès IP, cookies ak detay sou itilizasyon.
  • Sous piblik: Nou kapab kolekte enfòmasyon sou ou nan sous piblik, tankou pwofil sou rezo sosyal, baz done gouvènman an ak lòt platfòm sou entènèt. Nou itilize enfòmasyon sa yo pou verifye si done nou deja genyen yo egzat, pou amelyore pwofil itilizatè yo, oswa pou ofri sèvis ki pi adapte ak chak moun.
  • Kominikasyon ak opinyon: Nou kapab kolekte enfòmasyon lè w patisipe nan sondaj, lè w ban nou opinyon w, oswa lè w antre an kontak ak nou sou rezo sosyal, pa imèl, oswa nan lòt chanèl kominikasyon.

Enskri

Vin yon lidè ekip